Definitivman, Premye minis la, Ariel Henry, sanble genyen kè klas politik la. Nonm André Michel te konn rele ilegal ak ilejitim nan gen yon boulva devan l, sa ki ranfòse pouvwa l pi plis chak jou.
Nan lide sa a, Chèf egzekitif ak yon sèl tèt la rankontre, mèkredi 22 desanm, plizyè responsab pati politik pou yon echanj vè nan okazyon Nwèl ak fèt fen ane yo.
Te gen anpil reprezantan diferan pati ak regwoupman politik ki te patisipe nan kokteyl echanj ak pataj vè sa a nan okazyon fèt fen ane yo.
« Yon dinamik ki, dapre Chèf gouvènman an, fè pati yon kontèks sosyo-politiko-ekonomik difisil. Se tou pou ranfòse kohezyon ant diferan aktè lavi nasyonal la pou fè peyi a soti nan kriz li ap travèse depi plizyè ane », Primati a presize nan yon nòt li rann piblik.
Depi okòmansman, Ariel Henry rekonèt ane 2021 lan te souke pa diferan evènman ak katastwòf, pandan l souliye 2022 se yon ane elektoral.
« Fè ak òganize eleksyon lib, onèt, demokratik e enpasyal se yon bagay nou pa ka evite », newochirijyen an deklare, li menm ki di « lè a rive pou tout fòs vive nasyon an mete ansanm pou pasifye peyi a epi kontinye asire byennèt popilasyon an ».
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





