Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Ensekirite: Yon vag liberasyon otaj pa gang « 400 Mawozo »

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

An total, gang « 400 Mawozo », k ap opere san pinisyon e byen trankil nan komin Kwadebouke, te libere 8 otaj dimanch. Ansyen prezantatè “Ti koze nan panyòl” sou RTVC a, Alexander Galvez, se youn nan moun yo lage yo. Jounalis la jwenn libète l nèf jou apre yo te kidnape l Kwadebouke.

Antretan, 4 manm yon menm fanmi gang “400 Mawozo” te kidnape 26 novanm ki sot pase a te libere menm jou a. Anefè, 3 timoun ki gen ant 8 ak 10 an, ansanm ak yon lòt ki pi gran, etidyan nan Agwonomi nan Université Polyvalente d’Haïti (UPH), te lage kont ranson.

Epi toujou dimanch 5 desanm nan, 3 lòt otaj pami 15 misyonè nò-ameriken ki te toujou nan men bandi « Lanmò san jou » yo te jwenn libète yo. Se òganizasyon Christian Aid Ministries ki te fè anons lan lendi a, men li pa t bay detay, li te jis souliye twa moun yo lage yo an sante e an sekirite.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here