*Ayiti-Ensekirite: Transpòtè nan Sid antre an grèv
Soti jedi 17 rive dimanch 20 mas 2022, asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti (APCH) antre an grèv nan gran Sid la. Travayè transpò yo ap pwoteste kont ensekirite ki mete lavi transpòtè ak pasaje an danje, sitou nan zòn Matisan.
Fache pou zak malfektè yo fè sistematikman sou wout nasyonal nimewo 2, prezidan Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti a, Mehu Changeux, ak frè transpò l yo deside sispann aktivite yo pou fòse otorite Leta yo soti nan imobilis yo.
Nan kòmansman semèn nan, gwoup ame yo detounen plizyè bis epi yo depouye pasaje yo de tout sa yo te genyen, pandan trajè a. Dapre sendikalis Changeux, madi 15 mas, bandi te sezi 4 minibis ki t ap fè trajè Jakmèl/Pòtoprens.
Vennkat èdtan apre, prezidan APCH anonse yon kanpe sikilasyon, apati jedi 17 mas sa a sou wout ki konekte Pòtoprens ak sid Ayiti. Kòm yo pa ka afwonte malfektè yo, se mwayen pasifik yo genyen pou fè moun tande yo, li eksplike.
Inisyativ sa a rejwenn sa plizyè òganizasyon sosyete sivil ki egzije fòs lòd yo aksyon ki bay rezilta kont banditis ak ensekirite nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





