Dapre enfòmasyon ki disponib, Premye Minis Ariel Henry « byen » sekirize pa Fòs Ame d Ayiti, pandan popilasyon an lage devan gang ame ki okipe prèske tout teritwa nasyonal la. Anviwon yon santèn manm FAd’H, 90 pou n pi presi, o sèvis newochiriyen 74 an an.
Se sòlda Fòs Ame yo ki asire sekirite plizyè lòt manm ekip gouvènmantal la. Li menm sèl, chèf kabinè Premye Minis Ariel Henry a gen sèt (7) ofisye, Métronome revele, e li souliye « ofisyèl yo pi pito se manm Lame a ki asire sekirite yo ».
Ariel Henry ak minis li yo se moun ki pi byen sekirize nan peyi a, pandan plizyè milyon abitan pa konn ki sen pou yo priye, yo ekspoze devan mechanste bann ame yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





