Plizyè sendika travayè anonse lansman yon operasyon yo rele « Fèmen peyi » lendi 25 oktòb 2021. Devan nouvo estrateji pwotestasyon sa a kont ensekirite ak rate gaz, Anbasad Etazini an Ayiti mande sitwayen li yo « evite tout deplasman ki pa nesesè e rete vijilan paske sitiyasyon sekirite a kontinye trè enprevizib ».
Apre plizyè deklarasyon responsab sendika ki vle pase nan vitès siperyè, enprevizibilite ka kidnaping ki vin pi frekan de pli zan pli ak ensètitid sou yon retou nan nòmal, otorite ameriken yo bay alèt sekirite nivo 4.
Pou anbasad ameriken an, frekans kidnaping yo enkyetan, sitou paske menm Ameriken pa epaye. Kidnapè yo ka sèvi ak yon planifikasyon sofistike oswa pwofite okazyon yo pa t prevwa pou fè krim yo.
Devan yon tablo tèlman nwa sou reyalite sekirite peyi a, yo konseye vwayajè yo pou yo pa vwayaje an Ayiti ankò. Sa vle di sitiyasyon an tèlman kawotik e enprevizib, sitwayen ameriken yo, pami lòt, avèti sou sa k ap tann yo (Krim, kidnaping).
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 59 minutes
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





