Vandredi 20 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti – Ensekirite: 221 ka kidnaping anrejistre ant jiyè ak septanm 2021, dapre CARDH

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nan 5yèm bilten trimestriyèl li, Sant analiz ak rechèch nan dwa moun (CARDH) revele 221 moun te kidnape ant jiyè ak septanm 2021. Sa ki fè yon ogmantasyon 300%, òganis la di ak enkyetid.

Dapre rapò CARDH a, an jiyè pase a, 31 moun te kidnape, 73 an out ak 117 an septanm.

Pami ka sa yo, gen 25 sitwayen etranje ak 4 rezidan, toujou dapre òganis la.

Soti janvye rive septanm 2021, se deja 628 kidnaping ki konte ak 29 sitwayen etranje pou 3 peyi diferan.

Kidnaping vin tounen, depi kèk tan, yon gwo antrepriz meprizab e kriminèl nan peyi a. Kidnaping an seri sa yo nan kapital la ak nan kèk vil pwovens ap kraze ekonomi fanmi viktim yo. Se yon vektè twoub sikolojik tou pou otaj yo ki pa janm soti san blesi.

Kidnapè yo sèvi nan kèk ka ak machin prive ak machin sèvis Leta pou fè krim yo.

Popilasyon ayisyen an lage pou kont li, polis nasyonal la montre li san pouvwa, men direktè jeneral PNH a, kote tout moun ap leve kont li, sanble pa gen anyen pi bon pou l ofri pase konferans pou laprès ak pwomès li poko kenbe jiskaprezan.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here