Jedi 19 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Ekonomi: Fèt travay ak agrikilti, nan mitan kriz

Pa Hebdo24

· Mete ajou 17 novanm 2026 · 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

« An n kore agrikilti ak travay, pou n gen plis sekirite », se tèm selebrasyon fèt agrikilti ak travay la, 1ye me 2022 sa a.

« Travayè ak travayèz yo jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a », minis afè sosyal ak travay la, Pierre Ricot Odney, soutni, pandan lansman aktivite selebrasyon yo, nan MUPANAH, vandredi 29 avril 2022.

Si fèt travay ann Ayiti gen gou paradòks akoz nivo chomaj nan peyi a, men tou kondisyon travay ki difisil yo, minis travay la eseye rasire, pandan l bay garanti ministè l la ap kontinye fè efò pou akonpaye ouvriye ak ouvriyèz yo.

Minis, direktè jeneral, responsab fòs lòd, tout te defile nan jaden MUPANAH, pandan konferans sa a.

« 1ye me se yon dat ki gen anpil siyifikasyon pou tout peyi a », minis agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral la, Bredy Charlot, endike. Minis la retounen sou wòl agrikilti te jwe nan ekonomi ayisyen an nan yon epòk, kote li te reprezante plis pase 60% ekonomi ayisyen an. Li salye vanyan agrikiltè yo ki, malgre kondisyon difisil y ap fè fas, kontinye travay tè a pou yo viv epi nouri popilasyon an.

Ayiti ap pare pou selebre fèt agrikilti ak travay nan yon kontèks trè difisil. Premye minis de facto a pa nye sa. « N ap travèse yon sitiyasyon difisil nan lavi nou kòm pèp, ki karakterize pa ensekirite ak yon enflasyon k ap grandi », Ariel Henry deklare.

Chèf primati a fè yon ti siy pou jounalye ak ouvriye k ap bay tout kò yo epi k ap itilize fòs travay yo pou ranfòse pwodiksyon endistriyèl ann Ayiti.

« Nou kontinye kwè agrikilti reprezante youn nan prensipal sektè ki ka libere potansyèl kwasans ekonomik nasyon an, redui inegalite revni, flou migratwa, estabilize goud la ak redui enflasyon », chèf primati a deklare.

Antretan, ouvriye ak ouvriyèz tekstil yo anonse de jou mobilizasyon, 1ye ak 2 me 2022, pou reklame 1 500 goud kòm salè minimòm.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here