Madi 24 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Bank mondyal: 132 milyon dola pou konbat ensekirite alimantè

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Bank mondyal apwouve yon sòm 132 milyon dola ameriken pou Ayiti. Dapre tèm yon rezolisyon donatè yo pran, montan sa a dwe envesti nan agrikilti ak enfrastrikti wout nan peyi a.

Nan yon kominike ki pibliye 17 mas 2022, enstitisyon finansye entènasyonal la anonse li bay 102 milyon dola ameriken pou kontribye nan amelyore sekirite alimantè ak 30 milyon pou finanse pwojè aksesiblite ak rezilyans riral ann Ayiti.

75 000 fwaye nan sektè agrikòl la pral benefisye pwojè sa a pou « amelyore aksè a sekirite alimantè, garanti mwayen pou viv nan milye riral epi ranfòse rezilyans devan katastwòf klimatik. »

Etandone wòl enpòtan fanm jwe nan pwodiksyon ak vant agrikòl, pwojè a ba yo priyorite pami benefisyè yo.

Zòn tranblemanntè a te frape yo se prensipal sib pwojè transpò a, sa vle di Gran sid, Nip, Sant ak Grandans. Pwojè sa a vize ranfòse aksesiblite pèmanan wout ki mennen nan rejyon sa yo e an menm tan amelyore rezilyans rezo wout la.

Depi klima ensekirite a vin pi grav nan peyi a, pri pwodui premye nesesite yo pa sispann monte. Ant out 2020 ak fevriye 2021, 4,4 milyon Ayisyen te deja nan sitiyasyon ensekirite alimantè, dapre Kowòdinasyon nasyonal sekirite alimantè (CNSA)

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here