Administrasyon Jeneral Ladwàn konnen yon rekò istorik an tèm kontribisyon nan finans piblik yo. An efè, nan kad nouvo pèspektiv kontwòl yo, AGD mobilize 6,5 milya goud pou mwa desanm 2021 kont 5,0 milya goud an 2020, se sa nou ka li nan yon kominike enstitisyon an rann piblik.
Ogmantasyon resèt sa a se akoz yon pi bon kontwòl nan nivo chan kolèk yo, nòt la presize.
Nivo pèsepsyon global sa a separe konsa:
4,9 milya pou resèt fiskal yo ak 1,6 milya goud pou resèt dwa yo konsede yo.
Direktè Jeneral AGD a, Mesye Romel Bell, fikse nouvo objektif pou tèt li. Li bay kò l ak nanm li pou pèfòmans kolèk ak modènizasyon ladwàn. Mesye Bell gen entansyon ranfòse volonte l tou pou kontinye refòm ladwàn nan.
Administrasyon jeneral ladwàn nan konte kounye a sou kolaborasyon patnè teknik ak finansye l yo pou kontinye chantye refòm enstitisyon an lè l modènize biwo ladwàn yo, nòt la konkli.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 1 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





