Garry Didier Pérez soufri ensifizans renal. Atis ak lòt manm sektè mizikal ayisyen an mete tèt yo ansanm pou pote ansyen chantè Zenglen nan sekou.
Jenerasyon 90 yo sètènman konnen chantè karismatik sa a ak cheve boukle l. Videyo l yo te konn ap vire an bouk sou chèn televizyon ayisyen yo. “Anba latè”, yon klip an nwa ak blan, youn nan pi popilè yo, “Videos Plus” te reyalize. Men youn nan pi gwo siksè chantè a se chante “Fidèl” gwoup Zenglen, yon sòt de im pou lavi ak mizik ayisyen.
Garry Didier Pérez kite mak li sou gwoup sa a ki kontinye sèvi kòm tranplen pou gwo talan.
Imigre Ozetazini depi prèske yon trantèn ane, Garry soufri kounye a ensifizans renal. Maladi kwonik sa a mande gwo mwayen ekonomik pou swivi medikal yo.
Pou ede atis la, yon inisyativ mete sou pye: kolekte lajan an favè chantè a.
Clinton Benoît, ansyen chantè gwoup D’Zine, te resevwa yon apèl Garry ki te mande l pou l avèti lòt atis yo sou maladi l ak difikilte l.
Kòm travayè sosyal ak terapis nan sante mantal ak sikik, Benoît te pran apèl frè mizisyen l lan a kè.
Doktè yo mande yon sòm ant 150.000 ak 200.000 dola ameriken, alòske se sèlman 10.000 dola ki disponib, li aprann nou.
Atis ak fanatik san kondisyon Garry Didier Pérez ap anbake nan leve lajan sa a. Asosyasyon fanm tankou Fanm kore Fanm, pwodiktè Zagalo ak lòt manm dyaspora a pwomèt pou yo patisipe nan mouvman an.
Clinton Benoît pa pou kont li nan aktivite mobilizasyon sa a. Ekip li konpoze de Jean Brutus Dérissaint, Jean Hérard Richard yo rele Richie, Gazman Pierre, Phillipe Saint Louis pami lòt.
Yon apèl pou solidarite lanse bay tout mizisyen, fanatik Garry ak mizik ayisyen, pou pèmèt chantè talantye a kontinye pwofite lavi.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





