Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Ariel Henry vizite Direksyon Jeneral PNH, li pwomèt tout sipò l

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Gouvènman an sanble detèmine pou l goumen kont fenomèn ensekirite k ap fè ravaj an Ayiti. Anefè, Premye minis Ariel Henry te fè yon vizit, madi 16 novanm sa a, nan Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti. Objektif: montre solidarite ak tout sipò ekip gouvènmantal la bay enstitisyon polis la.

« Maten an mwen te fè yon vizit nan DG #PNH @pnh_officiel pou eksprime solidarite ak sipò fèm Gouvènman m lan bay polisye yo. Ekip mwen an angaje l pou retabli sekirite ak pwoteje lavi ak byen sou tout teritwa a », newochirijyen an te ekri sou Twitter.

Pandan l salye gwo travay polisye yo ap fè, sitou nan sekirize livrezon gaz nan ponp yo, Ariel Henry te pwopoze pou l amelyore anpil kondisyon travay ajan lòd yo.

Pou bandi k ap simen lanmò nan peyi a, mesaj Chèf Gouvènman an klè: « prizon oswa lanmò ».

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here