Sitiyasyon sekirite peyi a ap degrade chak jou pi plis. Malgre prezans 400 Kenyan, ki vin apiye PNH, gang ame yo kontinye ap montre toupisans yo. Pandan sa a, Gouvènman Conille a kontante l sèlman ak dekrete eta ijans.
Vre, nan yon kominike ki date 19 out 2024, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik anonse renouvèlman eta ijans sekirite a pou yon mwa anplis. Mezi sa a konsène depatman Lwès, Sant, Nip, Latibonit ansanm ak awondisman Plezans ak Lenbe.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Dapre dokiman an, kèk mezi eksepsyonèl ka mete an plas pandan peryòd sa a. Pami mezi sa yo gen fèmti etablisman, evakyasyon moun, konstriksyon oswa demolisyon kay, bloke wout transpò, ak sispansyon kominikasyon telefòn nan depatman ak awondisman ki konsène yo. Ministè a pa ekskli non plis enpoze kouvrefe si sitiyasyon an mande sa.
Anplis, Ministè Jistis la mande kolaborasyon popilasyon an pou rive respekte mezi sa yo ki montre volonte gouvènman an pou kontribye bay yon repons a sitiyasyon ensekirite k ap kraze bwa nan peyi a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Apre dezan sispansyon, vòl komèsyal yo ka reprann Pòtoprens nan mwa desanm
sa gen 1 èdtan
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov





