Nan yon nòt ki soti 7 fevriye, konpayi telefòn mobil Digicel fè konnen difikilte ekip li yo sou teren an ap fè fas, ni nan deplasman yo ni nan akonplisman travay reparasyon ak apwovizyònman an gaz sou sit antrepriz la.
Digicel asire li angaje nèt pou l kenbe rezo l operasyonèl e pou l bay kliyan l yo yon sèvis kalite, ki konfòm ak estanda abityèl li.
Pandan l ap mande kliyan ki ka afekte pa sitiyasyon sa a ki pa t prevwa eskiz, antrepriz Wouj e Blan an lanse yon apèl bay kominote a pou fasilite pasaj ekip teknik ki responsab kenbe sèvis telekominikasyon yo.
Anplis, Digicel souliye enpòtans, nan tan difisil sa yo, pou rete konekte ak fanmi ak rezo nou.
« Kolaborasyon tout moun esansyèl pou simonte obstak sa yo e garanti kontinwite sèvis endispansab yo », dokiman Hebdo24 resevwa yon kopi a konkli.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




