Lendi 16 novanm 2026

Politik

Ant Garry Conille ak Edgard Leblanc, kiyès ki chèf Egzekitif la?

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Portraits officiels de deux hommes en costume cravate, l'un à un micro, l'autre souriant

Kesyon an poze: kiyès ki pral pran lapawòl nan 79yèm Asanble jeneral Nasyonzini pou Ayiti? Dout la pèsiste pou kounye a. Rezon: prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc, pa t fè vwayaj la pou New York (USA), samdi 21 septanm 2024 sa a kontrèman ak sa yo te anonse.

Edgard Leblanc pale de yon konfizyon bò kote Depatman Deta ameriken an ak delegasyon ayisyen an. Enfòmasyon ki disponib kite kwè Garry Conille fè otorite ameriken yo konnen se li ki chèf delegasyon ayisyen an. Kafouyay total.

Anplis, Hebdo24 aprann ke anvan l pran avyon pou Etazini, yo te avèti nimewo en CPT a Gouvènman ameriken an pa ka asire sekirite de (2) delegasyon ayisyen. Se poutèt sa kesyon an: ant Edgard Leblanc ak Garry Conille kiyès ki chèf Egzekitif la? Pandan sa a, Leslie Voltaire, li menm, fè vwayaj la pou Etazini.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo