Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Animatè Radyo Gregory Odal Jean mouri

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Gran fanmi laprès kiltirèl ayisyen an leve maten an anba chòk. Animatè Gregory Odal Jean mouri a laj 31 an ak yon mwa. Se madanm li, Madan Fabienne Jean, ki te konfime enfòmasyon an.

Depi prèske 5 an, Grégory te imigre an Repiblik dominikèn ak fanmi l. Ti gason 5 an li a, Carlos Odal Jean, se te sous motivasyon l, madanm li rakonte.

Gregory te patisipe nan anpil emisyon deba sou mizik ayisyen, sitou Konpa dirèk. Toujou prezan nan emisyon yo pou fè pwen de vi l valè, kòlèg li yo te ba l tinon « Greg Radio yo ».

Pandan tout lavi l, Grégory te yon pasyone mizik ayisyen. Nan machin, lakay li, nan transpò an komen oswa nan chanm li, ekoutè l toujou branche sou yon aparèy kèlkonk pou l koute chante Konpa « live » oswa emisyon youn nan konfrè l yo.

Li te entène pandan plizyè jou an Repiblik dominikèn, eta sante l ki t ap degrade te oblije madanm li retounen nan peyi a avè l, kote l te rann nanm li 27 septanm 2021.

Ann raple animatè a te fèk selebre 5 an maryaj li lavèy anivèsè l, 27 septanm pase a.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here