
Direktè Jeneral a.i Polis Nasyonal d Ayiti, Frantz Elbé, resevwa, madi 9 avril 2024, vizit Anbasadè Lafrans an Ayiti, Fabrice Mauriès. Se yon rankont ki antre nan kad kowoperasyon ki egziste ant Lafrans ak enstitisyon polisyè ayisyen an.
Nan okazyon vizit sa a, anbasadè Lafrans an Ayiti, Fabrice Mauriès, fè Direktè Polis nasyonal d Ayiti a, Frantz Elbé, konnen peyi l ap kontinye kolabore ak enstitisyon polisyè a pandan l ap bay yon priyorite absoli a fòmasyon polisye yo ak bay ekipman pou goumen kont gang ame k ap teworize popilasyon sivil la.
« Ak jès sa a mwen te vle eksprime tout rekonesans Lafrans pou travay repibliken Polis la fè nan kriz sekirite Ayiti ap travèse a », anbasadè Fabrice Mauriès deklare sou kont X ofisyèl li.
Remake, rankont sa a vini nan yon kontèks kote gang ame yo ap defye fòs lòd yo plis toujou, e kote Channmas, kote anbasad Lafrans an Ayiti a ye, tounen yon vrè chan batay.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
sa gen 13 èdtan
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





