
Tankou anpil enstitisyon, anbasad Lafrans ann Ayiti sanble endiye pa asasina trajik twa polisye UTAG yo, dimanch pase a. Nan yon nòt, reprezantasyon diplomatik fransè a ann Ayiti prezante « kondoleyans li ki pi sensè bay direktè jeneral PNH la apre dram sa a ». Li pwolonje kondoleyans li bay tout polisye k ap kriye frè zam yo yo asasinen lachman.
« Lafrans ap kontinye sipòte epi aji pou ranfòse Polis ayisyen an », se sa nou ka li nan yon mesaj ki poste sou kont X anbasadè Lafrans nan Pòtoprens, Fabrice Mauriès.
Fòk nou note, apre OPC, FJKL mande revokasyon DG PNH la pou enkonpetans li, apre asasina 3 polisye yo dimanch pase a. Nan yon kominike, FJKL estime Frantz Elbé echwe nan misyon l.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





