Se Sistèm nasyonal Jesyon Risk ak Dezas la ki fè anons lan. Anfèt, yo deklare alèt vijilans jòn sou tout peyi a, pandan pasaj Tanpèt twopikal Franklin nan ap pwoche nan 24 a 48 èdtan k ap vini yo.
« Si dènye previzyon trajektwa yo kenbe, sant tanpèt twopikal Franklin nan ta dwe frape anvan penensil Sid peyi a, sitou depatman Sid, Grandans ak Nip, epi l ap lonje sou lòt depatman peyi a, apati madi swa. Yo prevwa pasaj sant tanpèt la sou zile Ayiti anvan mèkredi », nou ka li nan nòt SNGRD a Hebdo24 resevwa yon kopi.
Anplis, enstitisyon an fè konnen penensil Sid Ayiti a menase pa gwo lapli toransyèl, rafal van ak kondisyon maritim ajite apati madi swa. Menas sa yo ta dwe lonje sou tout peyi a mèkredi.
« Vijilans sa a kenbe akoz gwo risk lapli fò, van pwisan, eboulman, gwo lanm, glisman teren ak inondasyon pandan pasaj tanpèt twopikal la », dokiman an kontinye.
Remake, tanpèt twopikal Franklin nan ta dwe rive an Ayiti apati aswè madi 22 out 2023, apre pasaj li nan Repiblik vwazen an. Otorite ayisyen yo prevwa risk inondasyon ak glisman teren.
Ann souliye, yo anonse tanpèt twopikal sa a nan yon kontèks kote plizyè milye sitwayen nan lari, yo abandone kay yo akoz atak bandi ame.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





