
Gentan plis pase yon mwa depi Premye minis Alix Didier Fils-Aimé enstale nan fonksyon Premye minis li. Kisa gouvènman l fè? Anyen, sòf pwomès. Poutan, chèf Primati aktyèl la pa gen « tan gras », akoz ijans sitiyasyon an ki mande rezilta konkrè, sitou nan zafè sekirite.
Alix Didier Fils-Aimé, tankou predesesè l anvan l, pa gen baton majik. Se yon reyalite. Men, ann Ayiti, chak jou se yon letènite pou anpil fanmi ki lage nan kan fòtin, nan lari, akoz vyolans gang ame yo. Kidonk, Premye minis lan gen devwa pou l aji vit, trè vit, pou soulaje mizè popilasyon an omwen yon ti kras. Men, malerezman, Alix Didier Fils-Aimé ap sèlman miltipliye pwomès sekirite, mezi pou demantle gang ame yo. Men, alafen, anyen pa fèt. Bann kriminèl yo ap ranfòse, y ap pran plis teritwa toujou.
Apre plis pase yon mwa gouvènans, sa moun sonje se « plat cho » Premye minis lan te distribye bay kèk fanmi deplase. Poud nan je! Pou goumen kont ensekirite, kont kriz imanitè, kont koripsyon…, okenn vrè mezi pa pran, okenn aksyon pa poze. Pawòl, pawòl, se pawòl sèlman!
Ogmantasyon « Ti kat » polisye yo pa bay, omwen poko bay, yon ranfòsman prezans fòs lòd yo nan lari yo. Okontrè, popilasyon kèk katye plis pase janm lage pou kont li. Kilè fo pwomès yo ap fini? Se yon kesyon ki rete san repons.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





