Èske Ayiti angaje sou wout ki mennen nan yon sòti pou kriz politik k ap manje lavi chak jou a? Se yon kesyon lejitim paske gen aktè ki montre yo favorab a akò Montana.
Se ka Mouvman pou Transfòmasyon ak Valorizasyon Ayiti (MTVAyiti) ki, nan yon nòt li pibliye lendi 31 janvye 2022, montre li an favè eleksyon ki te fèt nan kad akò Montana.
An efè, Fritz Alphonse Jean ak Steven Irvenson Benoît te eli respektivman nan pòs Prezidan pwovizwa ak Premye Minis, nan fen yon eleksyon dezyèm degre ki te fèt dimanch 30 janvye 2022.
MTVAyiti di li « reyafime tou plèdwaye l pou yon konsansis laj e enklizif, ki rasanble pi plis posib konpozan sivil ak politik sosyete a ».
Pi lwen, nan nòt sa a Schultz Simpssie ak Richard Senecal siyen, respektivman Sekretè Jeneral ak Vis-Prezidan Egzekitif responsab kominikasyon, MTVAyiti estime sòti kriz la depann de yon antant nasyonal.
« Se sèlman yon vrè antant nasyonal ki rasanble diferan aktris ak aktè yo ki ka rezoud ijans moman an ki se: ensekirite, sitiyasyon ekonomik katastwofik la, koripsyon ak pwoblèm elektoral la », Mouvman politik la ensiste.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





