Sou inisyativ yon gwoup etidyan premye ane ANDC yo rele « Impact », yon konferans te òganize nan lokal enstitisyon an. «Patisipasyon jèn yo nan afè politik peyi a», se tèm inisyatè yo te chwazi.
Madan Chantal Volcy Céant te mennen konferans sa a tanbou batan, apre rektè akademi an, Mesye Fritz Bonhomme, te prezante l, li menm moderatris jounen an, etidyant Christie Rémy, te prezante.
Madan Céant, ak anpil kè kontan, te kòmanse remèsye rektè a, vye zanmi l. Anvan ekspoze l, ekspè an syans sosyal la te salye devouman gwoup etidyan cho sa a. Apre im nasyonal etidyant Ruth Grandin te entèprete a, sal la te deja pandye sou bouch Madan Céant ki te plase entèvansyon l nan yon kontèks pou bay jenès la jarèt pou l patisipe nan afè peyi a.
Entèvenan an te konsantre pawòl li sou matirite ak responsablite jèn yo nan devlopman peyi yo.
« Chanje Ayiti, se fè sa ki enposib vin posib », li te lage depi okòmansman.
Madan Céant te raple tout jèn ta dwe gen yon konesans pwofesyonèl e ta dwe fè yo aksepte yo sou mache travay la. Li te plede tou pou yon redefinisyon relasyon ki etabli ant jèn yo ak enstitisyon peyi a.
« Premye aprantisaj la se egzanp, sinon peyi a ap kontinye pwodui fo sitwayen ki disponib pou vann nan lanchè », li te afime, tankou pou envite jèn yo konpòte yo yon fason pou yo pwojte imaj pozitif pou byen sosyete a.
Madan Céant te ankouraje jèn yo pa responsabilize pèsonn, men pito mete tèt yo ansanm pou kanpe desant sosyete a nan lanfè.
Konferansye a te lanse yon apèl pou pratike yon aksyon solidarite lè yo patisipe nan tout afè sosyo-politik peyi a, pandan l raple granmoun yo pa dwe pè pou yo ranplase yo.
“Nan tout peyi sou latè, jewontokrasi pa janm bay rezilta”, li te lanse.
Madan Chantal Volcy Céant, anvan l reponn lapli kesyon etidyan yo, te felisite jèn slamè Steveevenson Chéry yo rele Pire Blâme pou slam li ki te rezime tout entèvansyon l.
E pou fèmen aktivite sa a, jèn Gibbss Epaphrase, youn nan enstigatè aktivite a, te envite pa Rektè a pou l prezante ekip òganizatè a.
Randevou trè byento pou yon pwochen konferans, pwomosyon “Impact” la pwomèt.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





