Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Baskètè espanyòl lejandè a, Pau Gasol, pran retrèt li

Pa Hebdo24

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Baskètè espanyòl lejandè a, Pau Gasol, anonse madi 5 oktòb 2021 sa a pandan yon konferans pou laprès li mete fen ak karyè l apre 23 sezon nan nivo pwofesyonèl.

Se efektif, pivo espanyòl 41 an an, chanpyon dimonn ak seleksyon Espanyòl la an 2006 e de fwa chanpyon NBA ak Lakers Los Angeles, kite sèn pwofesyonèl la. “Jodi a, mwen la pou m di nou sa nou t ap tann nan: mwen pral pran retrèt mwen nan baskèt pwofesyonèl”, ansyen koekipye Kobe Bryant lan te afime.

Moun ki renmen espò sa a konsidere l kòm pi gwo Baskètè espanyòl nan tout tan, Pau te kòmanse jwe lakay Katalan yo kote l te sakre chanpyon chanpyona nasyonal espanyòl la anvan l al Ozetazini presizeman Memphis kote l te kòmanse long karyè l nan NBA.

Apre sa, li te pase bò kote Los Angeles, lakay Lakers Kobe Bryant t ap dirije a, youn nan lejann Baskèt Ameriken an. Se la li te konnen pi gwo siksè ak pèfòmans li an klib apre li te genyen de tit ki egal de bag nan NBA. Apre sa, li te jwe nan lòt franchiz tankou Bulls, Spurs e finalman Bucks Milwaukee an 2019.

Apre yon long blesi nan pye, li te retounen bò kote Barcelone an 2021. Yon retou ki te bon pou doub chanpyon NBA a paske li te genyen yon nouvo tit chanpyon Espay 20 an apre premye tit li.

An seleksyon, Pau te prèske rafle tout bagay sou pasaj li sof tit Chanpyon olenpik li pa t genyen, akoz de fwa seleksyon Ameriken an ki te toujou pi fò anpil. Chanpyon dimonn an 2006, li te ofri Roja a twa kouwòn ewopeyen tou.

Jwè espanyòl la te pwofite konferans pou laprès la pou rann yon omaj ki merite bay ansyen zanmi l nan Lakers, Kobe Bryant, ki te mouri tragikman, li menm ak pitit fi l, nan yon aksidan elikoptè.

“Li menm ak pitit fi l Gigi manke nou anpil. Li te aprann mwen pou m yon pi bon konpetitè e yon ganyan. Mwen te konsidere l kòm yon gran frè”, Pau Gasol te ajoute.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here