Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Relijye Wildanie Cupidon genyen pri “Pi bon Filantwòp 2022” rekò dimonn nan peyi Lend

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Konnen atravè lemond pou travay imanitè li, sè Wildanie Cupidon genyen ”Pri Pi bon Filantwòp 2022″ nan kad yon konpetisyon entènasyonal URF ak URB rekò dimonn yo, ki te fèt nan Kalkita nan peyi Lend, Samdi 5 Mas 2022.
Konpetisyon entènasyonal sa a gen objektif pou fè rekonèt lidè nan lemond ki distenge yo pa kontribisyon yo kòm pilye devlopman dirab. Se ka relijye ki gen renome mondyal la, Vyèj konsakre, Sè Wildanie Cupidon, prezidan Fondasyon an.
Se dezyèm fwa youn dèyè lòt sè Cupidon genyen pri sa a. Li te genyen premye pri ekselans Imanitè Mondyal, pandan 6yèm edisyon an 2021 ak pri “Pi bon Filantwòp 2022” la.
Kòm li pa t ka ale nan peyi Lend pou 7yèm edisyon sa a, li, gras a biwo kominikasyon l ak ekip miltimedya l, pwodui yon videyo nimerik ki montre reyalizasyon fondasyon an, yo te pase sou gwo ekran devan yon bann medya nan lemond. Nan Togo, pwochen peyi Fondasyon Wildanie Cupidon pral ale, yo selebre viktwa relijye ayisyèn nan tou.
Fonde an 2009, Fondasyon Wildanie Cupidon gen kòm misyon prensipal pou ede moun ki nan pi gwo bezwen yo. Li travay an Afrik ak nan Pakistan. Pou anpil reyalizasyon l, sitou nan ”Sheetan Primary School” nan Pakistan, yo rebatize lekòl sa a, 22 Oktòb 2021 ” Soeur Wildanie Cupidon Primary School”.
Sou tras Manman Teresa, konpatriyòt nou an se premye fanm ki kreye mouvman Chaplain SCECIAU Internationale nan lemond. Fondatris kominote sè ”Notre Dame de la victoire”, anbasadris plizyè Enstans nan lemond, sè Cupidon, antwopològ pa fòmasyon, se Fyète Kayemit e yon fyète nasyonal.
Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here