Etazini anonse, mèkredi 23 novanm 2022 sa a, li entèdi enpòtasyon sik ki soti nan faktori dominiken yo rele Central Romana Corporation, sou mache ameriken an.
Vre, Tonton Sam lonje dwèt sou dirijan faktori sa a ki ta fè pratik travay fòse, jounal ameriken The New York Times revele.
« Fabrikan tankou Central Romana ki pa respekte lwa nou yo pral sibi konsekans pandan n ap rache pratik inimen sa yo nan chèn apwovizyònman ameriken yo », yon kominike sèvis ladwàn ak pwoteksyon fwontyè Etazini presize.
Dapre kèk enfòmasyon ki disponib, Central Romana, ki pwodui epi vann sik anba mak tankou Domino ak Florida Crystals, pami lòt, se pi gwo pwopriyetè tè nan Repiblik dominikèn, ak yon kapasite ekspòtasyon anviwon 200 milyon liv sik Ozetazini chak ane.
Dapre The New York Times, salè ki ridikil, kondisyon travay ki danjere ak kondisyon lavi yo enpoze sou migran sitou Ayisyen k ap travay pou fè faktori sa a mache, te atire atansyon sou relasyon dominasyon ki egziste ant antrepriz la ak ouvriye li yo.
« Prèv yo la. Dirijan antrepriz sa a pa sèlman eksplwate epi fòse ouvriye yo viv nan salte, men yo fè tou pratik ki enstale laperèz nan mitan Ayisyen yo eksplwate yo », jounal ameriken an fè konnen.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





