
Pou reyalize aktivite komemoratif fèt Drapo a, 18 me 2024, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an dekese anviwon 90 milyon goud pou depans yo.
Dapre enfòmasyon ki disponib, pou evite zak vyolans gang ame ki estasyone sou wout ki mennen nan Nò peyi a, CPT a lwe de avyon pou fasilite deplasman twa Konseye ak delegasyon ki te akonpaye yo.
Pou plizyè moun, gwo depans 90 milyon goud sa a pou selebre bikolò a nan Vila dakèy (Lwès) ak Okap (Nò) se yon fason pou souse Trezò piblik la, pa plis pa mwens. Konsa, CPT a, ki la pou rezoud kriz k ap ravaje Ayiti, deja ap mache sou tras gouvènman ki, nan tan pase, te vide kès Leta a pou enterè pèsonèl.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





