
Se Natalie Lloyd ak mari l Davy Lloyd bandi ame te asasinen jedi 23 me 2024 nan Lizon, nan Plenn Kildesak, nan yon òfelina. Natalie se pitit fi depite Eta Missouri Ben Baker.
De misyonè ameriken yo, yon koup, ak yon Ayisyen ki rele Jude, mouri pandan yon atak ame ki te fèt anviwon 9 è nan aswè, kote malfra yo te pran òfelina « Bon Espwa » an otaj. Yo vòlè de machin tou, dapre temwen.
An reyaksyon, prezidan Joe Biden, atravè pòtpawòl Mezon Blanch lan, mande deplwaman rapid fòs miltinasyonal la ann Ayiti, ki ijan.
Pou pa l, ansyen prezidan repibliken Donald Trump mande pou yo « jwenn asasen yo kounye a » pou yo ka sevi kont yo. Anplis, li rekonèt Ayiti totalman pa anba kontwòl.
Pandan prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Edgard Leblanc, te fè konnen pa gen teritwa ki pèdi ann Ayiti, gang ame yo menm ap fè aranjman chak jou pou pwouve kontrè a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





