
Plis pase yon mwa apre enstalasyon l, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an toujou pa rive dekole. L ap pyafe sou plas, akoz enterè divèjan k ap konfwonte. Menm chwa pwochen Chèf Gouvènman tranzisyon an poko konfime. Pandan tan sa a, Michel Patrick Boisvert benefisye yon dezyèm nominasyon kòm Premye minis enterimè.
Vreman vre, Minis Ekonomi ak Finans Gouvènman demisyonè a, Michel Patrick Boisvert, nonmen yon lòt fwa ankò Premye minis enterimè. Arete ki ofisyalize desizyon sa a pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur ki date vandredi 24 me 2024, men yo rann li piblik lendi 27 me 2024 sa a.
Plis jou ap pase, mwens CPT a enspire konfyans. Pandan estrikti tranzisyon sa a ap fè peyi a pèdi tan, gang ame yo montre chak jou yo san pitye. Pa pi ta pase lendi 27 me 2024 sa a, chèf gang boule yon blende Polis nasyonal d Ayiti nan Gresye. Yon fè ki pa sanble enkyete CPT a ditou, ki pèdi nan yon tatonnman ki pa janm fini.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





