Lendi 23 novanm 2026

Aktyalite

Deziyen Premye minis, Garry Conille pare pou l mete l nan travay

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Homme en costume sombre et cravate rouge parlant lors d'une réunion avec un ordinateur portable devant lui
📸: Garry Conille

Kèk èdtan apre yo deziyen l Premye minis, Garry Conille di li santi l onore paske Konsèy prezidansyèl tranzisyon an chwazi l kòm moun ki gen pou pran bwa Primati a. Ansyen Chèf Gouvènman anba Prezidans Martelly a fè deklarasyon sa a mèkredi 29 me 2024 sa a, sou kont X ofisyèl li (ansyen Twitter).

An pasan, Garry Conille remèsye tout sektè ki te pwopoze non l kòm pèsonalite ki kapab dirije Gouvènman tranzisyon an. Òganizasyon sosyete sivil, gwoup dyaspora pami lòt.

« Ansanm nou pral travay pou pi bon jou, pou pitit gason ak pitit fi Ayiti », teknokrat ki prèt pou retounen nan Primati a deklare.

Ann raple Konsèy prezidansyèl tranzisyon an te vote Garry Conille kòm Premye minis madi 28 me 2024, apre yon odyans ak li pa videyokonferans.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here