Samdi 21 novanm 2026

Aktyalite

Yon semèn apre Garry Conille rive, Ayiti toujou pa gen Gouvènman

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Homme en costume rayé et lunettes parlant avec une autre personne en extérieur

Ayiti ap pyafe sou plas. Arive Garry Conille poko pote anyen nan peyizaj politik la, ki anba nwasè ensekirite jeneralize. Yon semèn depi Doktè a antre nan peyi a, malad la (Ayiti) toujou ap agonize.

Peyi a toujou pa gen nouvo Gouvènman. Pi mal toujou, Garry Conille pa ka siyen okenn dokiman Leta kounye a. Espesimèn siyati l poko valide, paske pwochen gouvènman an poko konstitye, ni enstale.

Samdi 8 jen sa a, yon reyinyon te fèt ant Garry Conille ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an sou fòmasyon Gouvènman an. Pandan plizyè medya lokal te anonse nouvo ekip gouvènmantal la t ap konnen wikenn sa a, sa pa t rive. Pa gen bon antant ant PM nonmen an ak CPT a.

Garry Conille pran pou tèt li ministè rejalyen yo, tankou Ministè Ekonomi, Enteryè, Planifikasyon pami lòt. Lòt yo pataje ant sektè ki reprezante nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Yon vrè pataj gato, kote peyi a petèt pa p benefisye. Ann tann pou n wè…

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here