
Nan diskou li nan okazyon enstalasyon l ak enstalasyon manm Gouvènman l lan, mèkredi 12 jen 2024 sa a, nan Vila dakèy, Premye minis Garry Conille mande popilasyon ayisyen an kwè nan li. Pandan l afime li gen bòn volonte, doktè 58 an an mande popilasyon an kenbe espwa ak lafwa nan lavni paske « lannwit ki pi long e ki pi nwa a pa anpeche solèy la leve », yon fason pou l fè allizyon ak ensekirite k ap ronje peyi a.
Garry Conille fè dyagnostik Ayiti ki, dapre l, malad anpil. Konsa, devan reyalite ki fè mal peyi a ap fè fas yo, senkantèn nan angaje l pou l gouvène ak Entegrite, Transparans e ak Detèminasyon pou amelyore kondisyon lavi tout Ayisyen.
An pasan, li ankouraje manm Kabinè ministeryèl li yo pou yo patisipe ak kouraj nan efò pou redrese sitiyasyon an. Pou sa ki esansyèl, chèf gouvènman an te vle rasire popilasyon an sou nesesite pou retabli lòd ann Ayiti pi vit posib.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
sa gen 13 èdtan
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





