Nan yon lèt repons li voye bay Minis Afè etranjè a, Dominique Dupuy, Prezidan Lakou siperyè kont ak kontansye administratif (CSCCA), Rogavil Boisguéné, fè l konnen depi plis pase dezan, enstitisyon l ap dirije a, nan kad atribisyon Konstitisyon ak lwa Repiblik la ba li, te lanse odit misyon diplomatik ak pòs konsilè ki etabli Ozetazini ak nan Repiblik Dominikèn pou peryòd oktòb 2015 rive septanm 2022.
« Akoz responsab ministè sa a pa kolabore, malgre lèt yo voye bay MAEC, ki date 18 jiyè 2022 referans: BP/CSCCA/EX.21-22 #168, ak 21 out 2023 referans: BP/CSCCA/EX :22-23 # 203, travay odit yo ap mache tou dousman. MAEC toujou ezite kominike Lakou a dokiman yo mande yo », M. Boisguéné regrete.
Pi lwen, nimewo en CSCCA a mansyone se te nesesè pou Enstitisyon an entèvni bò kote Premye Minis ki te la nan epòk la atravè lèt 16 novanm 2023 referans: BPRB/CSCCA/23-24 # 108 pou yo te kominike l kèk dokiman.
Pandan tan sa a, Prezidan CSCCA a mande Mme Dupuy bay Direksyon ki konsène yo nan Ministè l lan enstriksyon ki nesesè pou yo kominike Lakou a tout dokiman ki gen rapò ak sa pou yo ka fini odit k ap fèt la, pandan y ap pran an kont dokiman ki konsène peryòd adisyonèl li mande a.
Ann raple Dominique Dupuy, minis Afè etranjè ak Kilt (MAEC) ak minis Ayisyen k ap viv aletranje (MHAVE), te sezi Lakou siperyè kont ak kontansye administratif (CSCCA) ak Inite lit kont koripsyon (ULCC) pou mande odit ak ankèt nan ministè sa yo. « Apre mwen antre nan fonksyon kòm Minis Afè etranjè 13 jen 2024, m ta renmen ou mande sèvis ki konsène yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo fè yon odit finansye ak administratif Ministè Afè etranjè ak Misyon diplomatik ak konsilè Ayiti pou peryòd 1ye oktòb 2021 rive 30 jen 2024. Mwen souliye pou atansyon w, Mesye Prezidan, odit sa yo antre nan kad nouvo gouvènans Ministè a ak diplomasi nou », se sa nou te ka li nan lèt Mme Dupuy te voye bay prezidan CSCCA a, Rogavil Boisguéné, ki date 14 jen 2024.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





