Depi li enstale nan Primati a, sa gen plis pase yon mwa, Garry Conille ap fè pwomès sou pwomès pou zewo rezilta konkrè. Pandan l ap vante tèt li paske l pran kontwòl lopital jeneral la, chèf gouvènman an manke pèdi lavi l, lendi, pandan yon atak sipriz gang ame ki okipe anba lavil la.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Prèske menm jan ak sa ki te la anvan l yo, Garry Conille deja bay enpresyon se gwo pwopriyetè yon min pwomès li ye. Chak deklarasyon ofisyèl, li soti youn, men aksyon konkrè pa swiv. Ansanm ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Gouvènman an deklare eta ijans sekirite nan katòz (14) komin, men pandan tan sa a plis teritwa ap tonbe anba grif bandi yo.
Malgre peyi a gen yon Egzekitif espesyal ak de tèt, enkyetid la poko chanje kan. Popilasyon an rete yon sib fasil pou gang ame yo, ki poko wè lè rekreyasyon an fini, kontrèman ak lòd vid Kòmandan an chèf Polis nasyonal d Ayiti a, Rameau Normil, te bay.
Devan sitiyasyon an k ap pouri, kote gang ame yo ap ranfòse prèske sou tout teritwa nasyonal la, gen moun k ap mande tèt yo si Garry Conille pa twò « mou », kidonk enkonpetan, pou l delivre machandiz la?
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
sa gen 12 èdtan
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





