Dimanch 22 novanm 2026

Aktyalite

Bandi yo meprize eta ijans sekirite Garry Conille dekrete a

Pa Jenny Toussaint

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Homme en costume devant un micro et jeunes armés sur un véhicule blindé

Yon fwa ankò, gang ame yo pile anba pye yo swadizan otorite Premye minis Garry Conille, dimanch 4 out 2024 sa a. Depi yo dekrete eta ijans sekirite sou 14 komin nan peyi a, bandi yo double mechanste yo. Konsa, mezi gouvènman an meprize.

Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️  https://bit.ly/3MOKF3G

Devan gang ame yo, pawòl chèf gouvènman an pa peze anyen. Prezans polisye kenyan yo ann Ayiti pa fè moun pè. Itilite l pito ap kesyone. Anplis, nou mande si Polis nasyonal d Ayiti, ki gen nan tèt li yon Kòmandan ki te deja echwe, gen yon vrè plan sekirite pou demantle gang ki kontwole zòn metwopolitèn Pòtoprens a plis pase 80%.

Li atik la tou: Garry Conille : « L’Exécutif décrète l’état d’urgence sécuritaire dans 14 communes contrôlées par les gangs »

Nan moman sa a, gouvènman Conille a pa bay okenn siy fòs ki kapab mete bandi yo yon kote pou yo pa ka fè mal ankò. Konsa, popilasyon an gentan pèdi tout konfyans nan kapasite Sovè « come from USA » sa a pou l reyisi.

Plis pase janm, Ayiti se yon peyi k ap agonize k ap tann yon bon doktè pou sove l, paske yon premye (Ariel Henry) echwe, e yon lòt sou wout pou l konnen menm sò a.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here