Pandan y ap vann pòs pou plizyè milyon goud anndan gouvènman an, minis Edikasyon nasyonal la anonse yon ti sòm ensinifyan 20 000 goud pral bay paran elèv ki pi vilnerab yo.
Antoine Augustin fè anons sa a madi 6 out 2024, pandan vizit li nan yon sant egzamen ofisyèl. Obsèvatè avize yo rele eskandal epi kritike mezi mizerab ekip Garry Conille a. Yo estime se yon afwon pou sitwayen yo, ki merite plis pase yon sibvansyon sou fòm transfè sou telefòn mobil yo.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Pou kèk moun, se pi demagoji, kote echèk li te deja klè anba administrasyon defen Jovenel Moïse. Olye pou l bay paran vilnerab yo yon sibvansyon mizerab, Gouvènman an ta pi byen kreye travay, sa ki ta pèmèt moun ki nan bezwen yo « vole ak pwòp zèl yo ».
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





