Nan yon deklarasyon resan, chèf twoup kenyan an ann Ayiti, Godfrey Otunge, fè konnen resous moun li yo pa ase pou akonpli misyon an byen. Bò kote pa l, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Edgard Leblanc Fils, souliye, 31 jiyè pase a, polisye kenyan yo pa gen ase materyèl pou sipòte PNH jan sa te prevwa. De deklarasyon separe ki pa rasire sou siksè tranzisyon an sitou sou plan sekirite.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Gouvènman ayisyen an parye gwo sou fòs miltinasyonal sipò pou sekirite ann Ayiti a, men efikasite estrikti sa a ki la pou konbat gang ame yo poko yon evidans.
Kèk enfòmasyon ki disponib kite kwè ofisye kenyan yo te manke kite po yo pandan yon operasyon nan Gantye. Men, gras ak pwofesyonalis polis nasyonal d Ayiti, yo sove lavi yo. Enfòmasyon kòmandan an chèf twoup kenyan an demanti byen vit.
Nan nenpòt ka, sa ki pi grav la se prezans polisye Kenya yo ann Ayiti, 400 an total, poko sèvi anyen konsa. Jiska prezan, Kenyan yo poko pèmèt PNH genyen okenn viktwa sou teren an.
San yon Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite ki fò, Premye minis Garry Conille p ap reyisi tranzisyon an. Kidonk, se peyi yo rele zanmi Ayiti yo, sitou Etazini, Lafrans, Kanada, ki pou ede l san blòf, atravè deplwaman yon vrè fòs militè pou mete gang ame yo yon kote pou yo pa ka fè mal ankò.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





