Semèn sa a, Premye minis ayisyen ak kanadyen an, Garry Conille ak Justin Trudeau, te gen echanj. Ensekirite k ap fè ravaj ann Ayiti, se te sijè antretyen ant de mesye yo.
Nan okazyon an, premye minis Trudeau felisite chèf gouvènman Ayiti a pou nominasyon l, pandan l ap remèsye l dèske li mete rapidman an plas yon nouvo gouvènman tranzisyon ki gen kòm priyorite byennèt pèp ayisyen an.
Nan yon kominike li pibliye jedi 15 out 2024, Premye minis kanadyen an fè konnen li menm ak kòlèg li tonbe dakò li enpòtan pou kolabore de pre ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an epi pran mezi ki nesesè pou asire eleksyon lib e ekitab fèt.
Anplis, de dirijan yo diskite sou Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite Nasyonzini otorize a ki deplwaye ann Ayiti, ki vize retabli sekirite ak estabilite ann Ayiti epi ofri yon repo pèp ayisyen an te bezwen anpil. Dapre kominike a, premye minis Trudeau reyafime angajman Kanada pou travay ak Ayiti, Kenya ak lòt patnè entènasyonal pou veye siksè misyon an. Yo ensiste sou lefèt patnè entènasyonal yo dwe mobilize epi pote misyon an sipò li tèlman bezwen an.
« Premye minis Trudeau souliye tou Kanada sipòte depi lontan solisyon Ayiti mete devan pou rezoud kriz k ap kontinye nan peyi a. Premye minis Trudeau ak premye minis Conille reyafime lyen fò ki ini Kanada ak Ayiti e yo dakò pou yo rete an kontak regilye », dokiman an konkli.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





