Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Ministè Enteryè a anile kat ajan Sèvis Ransèyman yo

Pa Robert Delva

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Deux cartes d'identification d'agents du Service d'intelligence national haïtien

Atravè yon kominike ki date 27 desanm 2024, Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) anonse dokiman idantifikasyon ajan ansyen Sèvis Entèlijans Nasyonal la deklare nil e san valè.

Dapre ministè a, desizyon sa a vize garanti yon jesyon serye e efikas aktivite ransèyman ministè a, epi ranfòse konfyans ant Leta ayisyen ak popilasyon an.

Poutèt sa, y ap mete yon nouvo sistèm idantifikasyon an plas, ki ranfòse plis toujou sekirite sistèm ransèyman an ak ajan ki afekte nan ministè a. Nan sans sa a, MICT avèti kont nenpòt move itilizasyon kat k ap sikile yo.

Nan kominike l la, ministè a mande sitwayen yo ak enstitisyon yo pou yo vijilan, li envite yo siyale nenpòt tantativ izilpasyon ki gen rapò ak kat sa yo, ansanm ak tit ajan ransèyman.

Pataje