Lendi 16 novanm 2026

Aktyalite

Nan yon Pòtoprens gang ame ap kontwole, Meri a anonse kanaval li

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Affiche colorée avec des jeunes souriants tenant un drapeau haïtien et texte doré carnaval 2025

Pòtoprens se lonbraj tèt li sèlman. Se yon reyalite. Kapital la lage anba mizèrikòd gang ame yo. Leta absan, se bal sèlman ki gen otorite. Se nan kontèks makab sa a, kote menm konseye-prezidan yo abandone Pòtoprens kote rès Palè nasyonal la ye, meri vil la envite sitwayen yo fè fèt 2, 3, 4 mas 2025. Yon wont! entènot yo rele nan kòmantè yo sou afich meri kapital la pibliye sou paj Facebook ofisyèl li.

« Pòtoprens la toujou », se alantou tèm manti sa a meri a envite sitwayen yo danse pou fè tankou yo bliye mizè yo. Pandan plizyè milye moun oblije abandone kay yo pou kouri pou vyolans bandi ame yo, san yo pa menm jwenn akonpayman Leta, yo envite yo fè fèt 2, 3, 4 mas anba pretèks Pòtoprens toujou vivan (Pòtoprens la toujou). Sa ki pa vre ditou. Jan editoryalis Georges Allen te di l nan yon atik, « Pòtoprens se yon mò k ap respire ». Ni plis ni mwens.

An rezime, envitasyon meri a bay yon popilasyon ki nan dezespwa e ki pa konnen nan ki sen pou l vire a se iresponsablite dirijan k ap jwe kat endiferans lan konsyamman, ak sèl objektif pou yo akimile lajan. Anyen plis!

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo