Jedi 19 novanm 2026

Aktyalite

MPCE–UNITECH: yon metriz nan amenajman teritwa pou transfòme gouvènans ann Ayiti

Pa Naïka Eugene

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Femme en costume bleu parlant au micro derrière un pupitre en bois

Leta ayisyen an franchi yon nouvo etap nan estrateji devlopman teritoryal li. Ministè Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn (MPCE), an patenarya ak Inivèsite Teknoloji d Ayiti (UNITECH), Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal (MICT) ak Federasyon nasyonal majistra d Ayiti (FENAMH), lanse ofisyèlman madi a yon pwogram metriz nan amenajman teritwa pou ranfòse kapasite administrasyon piblik la.

Prezante kòm yon inisyativ estriktiran, fòmasyon sa a vle bay kad Leta yo zouti teknik ak estratejik pou yo pi byen planifye ibanizasyon, distribye envestisman piblik yo epi korije dezekilib teritoryal yo.

Nan diskou li, minis MPCE a, Sandra Paulemon, salye « yon zak estratejik » ki montre angajman gouvènman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé dirije a pou yon devlopman dirab. Li ensiste sou enpòtans kapital imen nan nenpòt refòm dirab: « Pa gen okenn peyi ki transfòme san li pa envesti nan kapital imen li », li afime, pandan l ap mande 32 benefisyè yo montre rigè ak sans sèvis piblik.

Menm antouzyasm nan bò kote UNITECH. Rektè li, Dr Josselin Val, rele pwogram sa a yon repons konkrè pou yon pwoblèm ki la depi lontan ann Ayiti: absans yon planifikasyon teritoryal ki kowerant. Li raple amenajman teritwa a se yon responsablite fondamantal Leta, ki mande yon kolaborasyon sere ant enstitisyon piblik, inivèsite ak patnè entènasyonal.

Yo salye inisyativ la tou pou dimansyon enklizif li. Minis Kondisyon fanm ak Dwa fanm, Pedrica Saint-Jean, plede pou yo pi byen konsidere bezwen espesifik fanm nan politik piblik yo, e li espere pwogram sa a ap kontribye nan diminye inegalite estriktirèl yo.

Reprezantan akademik ak etidyan yo, youn apre lòt, eksprime adezyon yo ak pwojè a, e yo pwomèt pou yo enplike aktivman nan aplikasyon li.

Pi lwen pase fòmasyon an, pwogram metriz sa a parèt tankou yon levye estratejik pou repanse òganizasyon teritwa ayisyen an epi poze baz yon gouvènans ki pi efikas, nan yon moman kote defi iben ak rejyonal yo ap vin pi entans. Yon pari sou konpetans pou rebati e pi byen òganize peyi a.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo