
Nan yon nòt pou laprès ki soti mèkredi 15 me 2024, konpayi avyasyon Sunrise Airways fè konnen, apre dènye devlopman yo e dapre direktiv otorite ayewopò yo, vòl li yo ki ale ak soti Pòtoprens ta dwe rekòmanse lendi 20 me 2024.
« Nou konprann sispansyon vòl ki sot fèt la te ka afekte w, e nou apresye pasyans ak konpreyansyon w pandan peryòd difisil sa a. Si w gen kesyon oswa si w bezwen èd, pa ezite kontakte ekip sèvis kliyan nou an », responsab konpayi a ekri, epi yo presize tout vòl yo, nasyonal kou entènasyonal, ap pati e ateri kounye a nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Ann raple, 29 fevriye pase a, apre echanj tire ki te fèt toupre kafou Rita, ki te mete moun ki t ap sèvi ak ayewoga Guy Malary an danje e ki te fè dega sou kèk avyon, konpayi Sunrise Airways te deside sispann tout vòl li yo jiskaske yo bay nouvo lòd, « pou pa mete vwayajè yo, ekip atè yo, ekipaj yo oswa avyon yo an danje ».
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





