
Konsèy sekirite ONI a pwolonje jiska 31 mas 2027 manda Fòs represyon gang yo (FRG) ki deplwaye ann Ayiti. Yo pran desizyon an madi 29 septanm, pandan sitiyasyon sekirite a rete enkyetan anpil.
Pwolongasyon sa a vini malgre deplwaman an toujou pa ase ditou. Sou 5 550 pèsonèl yo otorize, se anviwon 1 500 ki sou teren an kounye a. Pandan tan sa a, gang yo kenbe kontwòl yo sou plizyè teritwa e yo kontinye peze lou sou lavi popilasyon an. Konsèy sekirite a mande pou akselere deplwaman an e ranfòse kapasite fòs la, sitou pou l ka kontribye nan sekirize pwosesis elektoral la.
Avèk nouvo pwolongasyon sa a, FRG gen sis lòt mwa pou montre efikasite li sou teren an. Ann Ayiti, kote atant yo toujou wo, kesyon an rete: konbyen tan ankò pou n tann anvan n wè rezilta konkrè?
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Ofansif kont gang yo: fòs ayisyen ak salvadoryen yo pran lokal EDH nan Bisantnè
15 nov
Pòtoprens: PNH ak sòlda salvadoryen yo reprann kontwòl Estad Sylvio Cator
13 nov
Operasyon salvadoryen ann Ayiti: Alix Didier Fils-Aimé ak Nayib Bukele byen antann yo
10 nov





