Nouvo vire nan zafè asasina Jovenel Moïse la. Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph plede koupab, madi 10 oktòb 2023 sa a, devan yon tribinal federal Miyami.
Konsa, ansyen eli Lwès la rekonèt enplikasyon l nan konplo ki te mennen nan asasina prezidan Repiblik la Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021.
Anfèt, se jounal ameriken Miami Herald ki repran nouvèl la. Ansyen palmantè a te avwe ajan FBI yo li te rankontre ko-konspiratè yo jis anvan yo « lanse nan misyon pou touye prezidan Moïse », lakay li, dapre achiv jidisyè jounal Florid la site.
Apre Rodolphe Jaar, John Joël Joseph se dezyèm pèsonalite ki plede koupab nan dosye majisid la.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





