Se 23 jiyè 2021 sa a yo te chante fineray nasyonal ansyen prezidan Jovenel Moïse nan Nò peyi a, pi presizeman nan Madlèn.
Yon seremoni finèb ki te fèt an prezans plizyè pèsonalite nan mond diplomatik la, tankou anbasadris Etazini an Ayiti, Madan Michèle Sison, Premye Minis ki fèk enstale a, Dr Ariel Henry, ak pèsonalite nan klas politik la tankou Moïse Jean-Charles, lidè pati “pitit Desalin”, opozan fewòs rejim PHTK a.
Lè l pran lapawòl pou fè elòj finèb mari l, li menm li te pase 25 an bò kote l, Martine Moïse, san detou, te fè konnen prezidan an te trayi.
Nan gwo lapenn pou depa mari l, Martine pwomèt pou l kontinye batay Jovenel Moïse t ap mennen an pandan l reklame jistis pou defen prezidan an.
” si nou rete bwa kwaze san nou ap kontinye koule. Jodi a se Jovenel, demen se ka li menm, ou menm, nou menm … Nou ka pèdi yon batay men nou pap pèdi lagè. Lit la poko fini.”, vèv ansyen Prezidan Jovenel Moïse la te deklare.
Pou pa l, pi gran pitit gason ansyen patwon AGRITRANS lan, Joverlein Moïse, te fè lwanj kalite papa l.
” papa m se yon moun ki te gen lanmou, menm sil tap viv nan mitan mechan. Li te sensè malgre li tap viv nan mitan trèt”, li te di ak fòs pandan l t ap kriye.
Menm si yo te remake yon gwo dispozitif sekirite pandan tout dewoulman fineray la, sa pa t anpeche militan yo eksprime fristrasyon yo. Fache, yo mande jistis pou li menm mèsenè te asasinen lakay li nan nwit 7 jiyè pase a.
Ann note kèk èdtan apre seremoni finèb la, yo te siyale sèn piyaj ak dife nan kèk kote nan dezyèm vil peyi a. Patizan defen prezidan an te mete dife nan kèk antrepriz prive. Jounalis yo te agrese te oblije kamoufle tèt yo ak mayo omaj pou ansyen prezidan an pou yo sove po yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





