Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete, dimanch, Eddyson Alexandre, Markenson Charles ak Jeppson Limage. Yo tou twa se avoka Joseph Félix Badio.
Ki fè pati bawo Mibalè, twa nonm yo te antre nan youn nan kay sispèk kle majisid 7 jiyè 2021 an nan Fermathe, pou yo pran dokiman.
Dapre enfòmasyon ki disponib, twa nonm yo t ap eseye pati ak telefòn selilè ak òdinatè Joseph Félix Badio lè ajan PNH yo kenbe yo. Pou kounye a, Eddyson Alexandre, Markenson Charles ak Jeppson Limage a dispozisyon otorite polisyè ak jidisyè yo.
Akize kòmsi li se youn nan sèvo asasina prezidan Jovenel Moïse, Joseph Félix Badio te arete Petyonvil, jedi 19 oktòb 2023. Yo te kenbe l nan yon makèt nan komin sa a.
Dapre youn nan rapò ankèt sou majisid 7 jiyè 2021 an, Joseph Félix Badio se youn nan otè entelektyèl yo, ki te an kontak ak kòmando yo jou asasina a.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





