Sektè Vodou a nan dèy. Manbo Euvonie Georges Auguste mouri, bonè mèkredi maten sa a lakay li nan Delmas 83. Vodouyizan an mouri akoz yon kansè kòl matris, dapre sa youn nan pitit fi l yo, Tulie Michèle, fè konnen.
Sa gen kèk jou, sekretè jeneral konfederasyon nasyonal vodouyizan ayisyen yo te Kiba pou kèk dyagnostik sou maladi l.





