Soti 12 rive 13 fevriye 2022, sou inisyativ direksyon jeneral Bibliyotèk Georges Castera Lenbe, karavàn liv yo rele “Livres en Liberté” a pral nan kè vil Sen Mak. Pou 63yèm edisyon gwo fwa liv sa a, yo deziyen ekriven D’jimy Malval kòm envite donè.
Pou l kenbe pwomès li pou pwomouvwa liv ak lekti, Bibliyotèk Georges Castera Lenbe pa gen entansyon chita. Pou mwa fevriye sa a, inisyatè gwo aktivite sa a mete kap sou vil Sen Mak. Pou sa, yon bann otè pral depoze valiz yo nan vil Nissage Saget la. Kolèj James Stine ak Sant Kiltirèl le Troquet pral resevwa fwa liv sa a, soti 10è AM rive 6è PM.
Pou bay vil depatman Latibonit sa a plis koulè, plizyè otè ap la. Ann site pami lòt: Marc Exavier, Christophe Philippe Charles, Douglas Zamor, Claude Bernard Serant, Smoye Noisy, Jeff Prophil, Pierre Josué Agénor Cadet, Stéphana Dorval, Lesly Succès, Pedro Nasson Theoney, Wedny Bezil, Joël Lorquet, Marc Donald D. Prosper, Jhonny Aristène, Clotaire Saint-Natus, Fedia Stanislas, Minouche Senephard, Wooselande Isnardin, Patrick Cephacile.
Dapre yon nòt Bibliyotèk Georges Castera ki siyen pa Clément Benoit II, Direktè Jeneral bibliyotèk la, plis pase 800 tit pral disponib sou kanpe Communication Plus, Nero services, Éditions Kopivit Aksyon Sosyal, Éditions Gouttes-lettres, Guahaba Communication, Mémoire d’encrier.
Ann raple envite donè 63yèm edisyon Livres en liberté a, D’jimy Malval, fenk genyen Prix Joseph D. Charles des Lycéens 2021. Se Bibliyotèk Georges Castera Lenbe ki bay pri sa a.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





