Pandan gen moun ki gen difikilte pou chwazi chemen yo nan lavi, gen lòt ki pa jire pase pasyon yo, yo kenbe kòm yon kle presye. Se ka yon atis eksepsyonèl ki koute vwa kè l, batman l te vle di tou senpleman ‘’mizik’’. Valben, mizisyen konvenk e pasyone, louvri pòt linivè l pou nou.
Vrè non l se Valdory Valcin, Valben se yon chantè, konpozitè e entèprèt ayisyen. Li se dènye pitit gason yon fanmi sis gason e li grandi Dèlma, Pòtoprens. Li fini etid li an 2011 nan lise Alexandre Pétion e apre sa li frekante Inivèsite Leta d Ayiti pou yon ti tan, INAGHEI presizeman, pandan dezan anvan li konsakre l nan karyè mizikal li.
Kòmansman l
Valben rakonte li te konprann byen vit li se yon mizisyen nan nanm li, non sèlman paske li te pratike mizik byen bonè men tou paske li te santi l nan fon kè l. Ti Valben te gen privilèj grandi nan yon fanmi kote manman ak papa te jwe wòl mizisyen nan koral legliz yo. Lè l sonje moman li pa ka bliye sa yo, chantè a di mizik te antre nan li depi anfans li. Poutan, apre lanmò manman l, li separe ak legliz la, li fè yon poz e li reprann mizik sèlman apre li fin fè etid klasik li.
Nou ka di Valben vrèman kòmanse karyè l apre li te genyen yon konkou chante Enstiti Franse an Ayiti te parenen an 2016. Ak eksperyans sa a, li swiv ak de single konpa an 2018 ki, malerezman, pa t konnen anpil siksè. Gras ak pasyon l ki pa t refwadi, li kontinye travay e pataje sèn ak lòt atis nasyonal ak entènasyonal tankou Boukman Eksperyans, BelO, Faada Fredi ak Uman.
Konpozisyon ak kolaborasyon l
Valben soti yon albòm an 2016 ak kat lòt jèn atis, nan kad pwogram « On se rappellera » Enstiti Franse Ayiti a. Malerezman, albòm nan sanble pa an sikilasyon, pou gran piblik la apresye l. An 2023, Valben inove pandan l soti de single ak sonorite diferan, sa ki pwopilse l e ki atire atansyon medya yo. « Lanmou sa » ki enkane yon eksperyans afrobeat vibran, ki soti an out, apre sa « Dezole », an desanm ki vin ranfòse plas chantè a sou entènèt la ak sou mache mizikal la, ki fè melomàn yo plezi anpil. Pandan sa a, li kolabore ak plizyè atis ak gwoup tankou Paul Beaubrun, James Germain, Keb, ak Boukman Eksperyans li se manm kounye a. Chantè a anonse an primè yon pwojè gwoup mizikal la pral soti ane sa a.
Atis la ak nonm nan
Diferan eksperyans rich li yo ba li yon apwòch mizikal varye, ki melanje konpa, gospel, Afrobeat ak mizik rasin ayisyen, byenke li te swiv egzanp paran l, pandan l te kòmanse nan sektè evanjelik la. Atis la pa konsidere sa kòm yon senp fizyon men kòm yon « tchaka » dapre pawòl li, sa ki mete an avan polivalans li e sa pou envite piblik la nan yon vwayaj mizikal afro-karayibeyen. Li chèche pote mesaj enpòtan pandan l anbrase kèk kòz tankou dwa fanm, timoun, patriyotis atravè mizik li. E natirèlman, lanmou pa chape nan kreyasyon l yo.
Byenke li poko genyen yon pri espesyal, pi gwo rèv li rete pou l parèt yon jou nan BET Awards. Bò kote reyalizasyon mizikal li yo, nonm nan pratike penti tou. Lè l ap pale de moman li pa ka bliye nan karyè chantè l, Valben avwe gen anpil paske lajwa toujou abite l sou sèn, anime pa pasyon l pou l divèti piblik la e piblik la toujou reponn apèl la. Sepandan, li site de dat majik nan kalandriye l: 8 oktòb 2023 lè l te pèfòme nan lokal Sant Kiltirèl Karayib ak 30 oktòb 2023, premye fwa li te monte sou sèn ofisyèlman ak Boukman Eksperyans.
Optimis, Valben pa konte obstak yo li wè pito kòm opòtinite. Nan moman advèsite, atis ki preche lanmou an, ki plede pou moun ki pi fèb yo ak fanm yo, priye e retounen nan travay. Lè li pa sou sèn, e lè anvi pou l dekonekte ak mizik la boule nan li, li panse a lavni l, a fanmi l k ap vini, li pase tan ak zanmi l e li fè rechèch pou anrichi kilti jeneral li, paske li vle yon atis konplè.
Valben jwenn motivasyon l nan de figi manman l, defen manman byolojik li ak manman espirityèl li, ki enspire l pou l pèsevere malgre obstak ki kanpe sou wout li. Yon fraz manman l ki toujou sonnen nan zòrèy li lè sitiyasyon yo vin di: « Menm nan mitan grangou, pa kite moun wè feblès ou. » Atis la k ap travay di sou yon EP solo envite piblik la swiv li sou Instagram, Twitter ak Facebook @valben_music.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




