
Enfòmasyon Fondasyon Je Klere (FJKL) revele a gen fòs yon tranblemanntè nan peyizaj inivèsitè ak politik ayisyen an.
Inivèsite Quisqueya (UniQ), yon enstitisyon prive prestijye rektè Jacky Lumarque dirije, yon figi yo respekte nan sosyete sivil la, ta resevwa pa mwens pase 150 milyon goud nan men Leta ayisyen an an 2025.
Twa vèsman 50 milyon, Direksyon jeneral Trezò a anrejistre ak swen, ak referans DGTCP/DCF/SO/BRH/686/05-2025, DGTCP/DCP/SO/BRH/749/06-2025 ak DGTCP/DCP/SO/BRH/956/08-2025. Chif frèt, kòd administratif, men dèyè ekriti kontab sa yo gen yon kesyon ki boule: sou ki baz? E sitou, poukisa nan opasite total?
Nan yon peyi kote Inivèsite Leta d Ayiti (UEH) ap mouri pa mank mwayen, kote pwofesè lekòl leta ap manifeste pou salè yo pa peye, kote etidyan manke chèz ak bibliyotèk, kijan pou jistifye yon enstitisyon prive, kèlkeswa repitasyon li, toudenkou vin bèf lèt Trezò piblik la?
Inivèsite Quisqueya fòme kad kalite chak ane e li patisipe aktivman nan rayonnman entelektyèl peyi a. Jacky Lumarque reprezante, depi plizyè ane, yon sèten lide etik ak rigè. Se jisteman pou sa zafè sa a grav konsa.
Kijan sosyete sivil la ka mande Egzekitif la rann kont si pwòp figi tutèl li yo tranpe nan sistèm finansman opak sa a? Kijan pou preche bon gouvènans lè w aksepte, san deba piblik, san apèl dòf, san konvansyon klè, 150 milyon goud ki tonbe sot nan syèl bidjè a?
Sibvansyon sa a se yon afwon pou transparans.
FJKL gen rezon mande kont. Rektè Lumarque, kòm bon pedagòg, dwe pwofite okazyon sa a pou bay yon leson sitwayènte. Li dwe pran lapawòl imedyatman pou klarifye nati lajan sa yo. Silans t ap yon fot.
Nan yon peyi predasyon ap manje, sèl defans kont sispèk se transparans total.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yo




