
Lendi 25 novanm 2024 sa a, yon rapò UNICEF pibliye fè konnen gen yon gwo ogmantasyon nan rekritman timoun pa gwoup ame ann Ayiti. Sa vle di yon ogmantasyon 70% yo anrejistre ant dezyèm trimès 2023 ak dezyèm trimès 2024.
Dapre UNICEF, se yon agravasyon kriz pwoteksyon timoun ann Ayiti. Kounye a, jiska mwatye manm gwoup ame yo se timoun.
« Timoun ann Ayiti pran nan pyèj yon sèk visye: gwoup ame k ap alimante dezespwa yo rekrite yo, e kantite yo pa sispann ogmante », Catherine Russell, Direktris Jeneral UNICEF ak prensipal defansè Komite pèmanan entèòganizasyon pou Ayiti, deklare.
« Tandans ki pa akseptab sa a dwe ranvèse lè nou asire sekirite ak byennèt timoun yo se yon priyorite pou tout pati yo », li kontinye, li ajoute nan anpil rejyon ann Ayiti, timoun yo viktim atwosite okenn timoun pa ta dwe sibi, sa ki kite sou yo mak sikolojik ak emosyonèl ki ka swiv yo tout lavi yo.
Toujou dapre dokiman an, ogmantasyon rekritman timoun pa gwoup ame yo alimante pa eskalad vyolans lan, povrete jeneralize, mank edikasyon ak prèske efondreman enfrastrikti ak sèvis sosyal esansyèl yo ann Ayiti.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yo




