Pandan yon seremoni ofisyèl nan otèl Karibe jedi 27 me 2021 sa a, Mesye Bruno Maes, reprezantan UNICEF an Ayiti, te nonmen atis Jean Jean Roosevelt ak Roosevelt Saillant yo rele BIC “Anbasadè bòn volonte nasyonal”. An prezans laprès, kad òganis la, timoun ak lòt pèsonalite, atis sa yo ak reprezantan UNICEF yo te siyen lèt nominasyon yo pou yon dire de (2) an.
Se pa yon favè yo fè atis sa yo ki fèk nonmen “anbasadè bòn volonte nasyonal” pa UNICEF, Madan Aldine Parissot, ki te Mètrès Seremoni an, raple. Nan mo byenvini l, li te prezante Jean Jean Roosevelt ak BIC kòm de atis ki gen anpil talan ki, menm anvan yo nonmen yo anbasadè, t ap defann kòz timoun atravè tèks mizik yo.
Nan entèvansyon l, Mesye Bruno Maes te eksprime fyète l paske li te ka onore de diy pitit Ayiti.
“Se yon onè pou mwen ak pou UNICEF Ayiti pou nou genyen nou bò kote nou pou pwomosyon dwa timoun”, Reprezantan UNICEF an Ayiti a te di ak fòs.
Mesye Maes kwè nan kapasite nouvo anbasadè yo ki pral ka pale dirèkteman ak desidè politik, donatè, kominote, paran, manm fanmi, pou mande yo veye sou respè dwa timoun, pou enterè siperyè timoun nan.
“De (2) moniman mizik ayisyen nou onore jodi a ka sèvi ak talan yo ak popilarite yo pou plede kòz timoun yo e akonpaye UNICEF, men tou Gouvènman Ayiti, pou garanti chak timoun dwa a lasante, edikasyon, aksè a dlo, ijyèn ak sanitasyon, pwoteksyon ak chans egal”, li kontinye.
Anbasadè yo chak te resevwa nan men reprezantan yo yon kit ki gen materyèl sèvis. Youn apre lòt, yo te remèsye UNICEF paske li te chwazi yo. Nouvo anbasadè yo pwomèt y ap kontinye travay yo te kòmanse depi lontan. Y ap fè kòz timoun yo tounen pwòp kòz pa yo.
Madan Jean Gough, Direktris Rejyonal UNICEF pou Amerik Latin ak Karayib, nan ti diskou l, pa t kache lajwa l. Li di li satisfè paske kounye a li gen de atis sa yo nan ran li. Li raple atravè chante yo, atis sa yo te rann kominote yo gwo sèvis. Li espere tou kolaborasyon sa a ap gaye e l ap dire trè lontan.
Piblik la te jwenn yon pèfòmans atis yo. Ak gita l, Jean Jean Roosevelt, ak èd asistans lan, te entèprete chante “Pourquoi a-t-on grandi”. Atis la raple chante sa a te ba l anpil jarèt pou l rafle pri jwèt frankofoni yo nan Nice an 2013.
Pou pa l, BIC te prefere entèprete chante “Mesi manman” pou fè manman yo plezi kòm prelid pou fèt manman. Malgre mezi baryè akoz dezyèm vag covid-19 la, asistans lan te byen pran plezi.
Kreye 11 desanm 1946, Fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF) se estrikti ONI sa a ki fè pwomosyon dwa timoun atravè mond lan.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





